18/05/2025
Bonjou Bonswa at chak grenn Ayisyen kap viv nan kat kwen mond la, nan non FAVA (Fondasyon Ann Vanse Ansanm) map swete nou on bon fèt drapo. Menm lè gen anpil fòs kap lite pou fè febli nan fyète drapo nou, map pran jou sa a poum di nou lèn santin ta vle febli, sonje sakrifis zansèt nou yo ak papa Nasyon an Jean Jacques Desalinne te fè pou asire nou gen drapo sila sa jodi a, se pa on kado blan kolon te fè nou, men se pito san e nanm gason kanson sa yo ki te pèmèt nou gen dapo sa a. Map di nou kouraj an depi de tout difikilte peyi a ap travèse, drapo nou an gen poul flote wo ankò e respekte sou plan entènasyonal la janl te dwe ye depi 222ans. Nan non papa nasyon an e zansèt nou yo map di nou ankò, bon fèt drapo e ke Kat fòs kosmik la e fòs chak grenn ayisyen kap viv sou latè beni rejwenn e fòtifye chak grenn konbatan pou rann Ayiti lib de tout kolon e esklav salon kap lite pou kraze memwa zansèt yo. Mwen renmen nou anpil.
DJ
Fondatris e Prezidan FAVA