02/02/2026
Mw kwè ke li tap bon pou nou mete tèt nou ansanm poun wè koman nou te kapab amelyore kèk sitiyasyon. Mw tounrn pataje sa ankò e map kontinye patajel poum wè si nou pap mete men ansanm poun fè yon bagay pou wout KORIDÒ a.
Kote nou? Moun Aken yo: Gwo twou, Koridò, Pòs-Gay, Moun ri Franswa Vaval yo, Nan Bawò n, Bò mache, Kazèk yo nan 5e seksyon, Majistra yo nan tèt administrasyon Kominal Aken an.
Moun KORIDÒ vle pwopoze yon travay konsa anndan kominote a jis poun jwenn yon solisyon ak gwo pwoblèm popilasyon sa ap andire.
Ann wè si nou te kapab kanalize wout Gwo-twou/Koridò a epi ambleye mitan wout la ak wòk, paske nou pa vle twò egzajere poun ta di betonel. Aprè ann wè koman pou nou ta kire RAVIN KODAS ki toujou kite gwo obstak pou nou aprè kèlke swa lapli a.
Lòt moun ou òganizasyon kapab bay lide pa yo sou kisa nou wè ki kapab fèt paske se solisyon nap chèche.
ORJADA
12/11/2025