25/09/2026
Lula
Prezidan Brezil la, leve Drapo Ayiti a sou Tribin Nasyonzini an, li di twòp sou frans pou pèp Ayisyen an . Kominote Entènasyonal la dwe ede Ayiti.
Prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, pale ak anpil fòs sou kriz Ayiti a devan kominote entènasyonal la, pandan li mande pou sitiyasyon pèp ayisyen an pa rete nan frans ankò.
Nan mesaj li bay nan tribin Nasyonzini an, Lula mete aksan sou gravite kriz peyi a ap travèse a epi li raple kominote entènasyonal la nesesite pou Ayiti jwenn sipò ak asistans li bezwen nan men yo, sitou pwoblèm ensekirite a.
Yon moman ki touche anpil Ayisyen, sitou lè imaj drapo Ayiti a parèt nan kontèks diskou a, kòm yon rapèl sou soufrans ak espwa yon pèp k ap tann plis solidarite entènasyonal.
🇭🇹 Ayiti bezwen sipò. Ayiti bezwen solidarite. Ayiti bezwen aksyon.
CHACHE KONNEN TV