11/06/2026
Nan moman espesyal sa a kote tout pèp sou latè reyini pou selebre pasyon foutbòl la ki reyini 48 peyi, yon mesaj inite, respè ak fratènite pou tout nasyon k ap patisipe nan mondyal lan. Malgre diferans kilti, lang ak koulè drapo yo, espò gen pouvwa pou rasanble nou kòm yon sèl fanmi.
Jodi a, nou leve drapo Ayiti avèk fyète nan mitan tout lòt drapo yo kòm yon senbòl kouraj ak espwa. Ke konpetisyon sa deroule nan lespri lapè ak amitye, yon fason pou nou montre mond lan ke vrè fòs la, vrè viktwa a se inite.
Coupe du monde lan ap ouvri jodi 11 jen an jiska 19 jiyè 2026.
3 seremoni pou ouvèti an prevwa:
- 11 jen a Mexico, kote Mexique ap kwaze a Afrique du Sud
- 12 jen a Toronto, kote Canada ap kwaze ak Bosnie-Herzégovine
- 12 jen a Los Angeles, kote USA ap kwaze ak Paraguay.
Haiti ap jwe 1e match li 13 jen ak Ecosse.
Viv foutbòl! Viv inite! Viv Ayiti! 🇭🇹