Haiti Gouv Info

  • Home
  • Haiti Gouv Info

Haiti Gouv Info Système d'informations qui démocratise l'accès aux données, actions et informations du gouvernement.

  | Ministère de la Planification et de la Coopération Externe  ak United Nations Development Programme - UNDP  ranfòse ...
12/03/2026

| Ministère de la Planification et de la Coopération Externe ak United Nations Development Programme - UNDP ranfòse yon nouvo fòm koperasyon pou sèvi priyorite nasyonal yo

Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulemon, ansanm ak Reprezantan Rezidan PNUD an Ayiti, Xavier MICHON, te fè yon premye seyans travay, mèkredi 11 mas 2026 la, pou ranfòse koperasyon ant Gouvènman ayisyen an ak Pwogram Nasyonzini pou Devlopman an.

Echanj sa yo vle mete koperasyon ant MPCE ak PNUD nan yon lòt dinamik ki pi operasyonèl, epi ki plis vize rezilta konkrè pou peyi a.

Pandan dezyèm rankont sa a, diskisyon yo te konsantre sou ranfòse kapasite enstitisyonèl Ministè a, modènizasyon zouti jesyon piblik yo, amelyorasyon nan fason envestisman piblik yo òganize, ansanm ak devlopman pwojè ki ka bay rezilta rapid nan sektè ki priyoritè yo. Minis Sandra PAULEMON te montre volonte l pou ankouraje, avèk sipò PNUD, pwogram ak pwojè ki ka reyalize byen vit, epi ki kapab pote bon jan repons pou popilasyon an.

Demach sa a vle moutre a klè angajman MPCE pou bati ansanm ak patnè li yo yon koperasyon ki pi byen kowòdone, pi efikas, epi ki byen kadre ak gwo priyorite nasyonal yo: sekirite, relans ekonomik, modènizasyon aksyon piblik la, ak òganizasyon eleksyon.

Nouvo dinamik sa a se yon etap enpòtan nan volonte Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé ki se chèf egzekitif la pou fè envestisman piblik tounen yon bon jan zouti transfòmasyon ak pwogrè pou Ayiti. ⭑

  | Nan kad 70yèm sesyon Komisyon sou Kondisyon Fanm yo ( ), MinisMinistère à la Condition Feminine et aux Droits des Fe...
12/03/2026

| Nan kad 70yèm sesyon Komisyon sou Kondisyon Fanm yo ( ), MinisMinistère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes, Pedrica Saint Jean, te patisipe nan yon dejene travay Misyon Pèmanan Meksik nan Nasyonzini te òganize. Rankont lan te fèt anba lidèchip Minis Fanm Meksik la, Citlalli Hernández Mora.

Reyinyon an te rasanble plizyè responsab ki soti nan peyi nan rejyon Amerik Latin ak Karayib la (CEPAL). Yo te diskite sou defi peyi yo ap fè fas, espesyalman kesyon aksè a lajistis pou fanm.

Pandan entèvansyon li, Minis Pedrica te raple enpòtans dyalòg ak koperasyon ant peyi yo pou amelyore pwoteksyon ak dwa fanm nan rejyon an. Li te raple tou eleksyon li kòm vis-prezidan CEPAL nan mwa out 2025 lan, reprezante yon gwo opòtinite pou ranfòse kolaborasyon sou kesyon dwa fanm.

Minis la te lanse yon apèl pou plis solidarite ant peyi yo, pou pataje eksperyans, bon pratik ak estrateji ki kapab ede amelyore aksè a lajistis pou fanm.

Rankont sa a fè pati plizyè aktivite paralèl ki òganize pandan la, pou ranfòse patenarya ak efò rejyonal pou pwomosyon ak pwoteksyon dwa fanm yo.

12/03/2026

🗳️ | Ministè Haïtiens Vivant à l'Étranger - MHAVE anonse piblik la, òganizasyon, asosyasyon ak federasyon nan dyaspora a, soti 13 pou rive 17 avril 2026 ap gen 2 Asiz Nasyonal nan vil Okap ak vil Okay, sou patisipasyon dyaspora pou premye fwa nan eleksyon nan peyi a.
📢 Se pral yon espas pou pataje lide epi reflechi ansanm sou Entegrasyon dyaspora a nan envestisman, relans ekonomik ak sekirite, nan respe fèy de wout Gouvenman an. ⭑

 🌎| Sou envitasyon otorite Gobierno de Chile yo, Premye Minis Alix Alix Didier Fils-Aimé te patisipe mèkredi 11 mas 2026...
12/03/2026

🌎| Sou envitasyon otorite Gobierno de Chile yo, Premye Minis Alix Alix Didier Fils-Aimé te patisipe mèkredi 11 mas 2026 la nan seremoni ofisyèl envestiti nouvo Prezidan Chili a,
José Antonio Kast, nan tèt yon delegasyon ki te gen ladan l Minis Affaires étrangères et des Cultes, Raina Forbin, ansanm ak 2 konseye espesyal, Me Guerly Leriche ak Wilner Joseph. Vizit sa temwaye volonte pou ranfòse relasyon diplomatik epi patenarya ak lòt peyi yo, espesyalman nan Amerik Latin nan. ⭑

Èske w te konnen MENFP ak MJSP reprezante ~57% pèsonèl administrasyon piblik la ? Jèn ki gen mwens pase 35 lane reprezan...
13/08/2024

Èske w te konnen MENFP ak MJSP reprezante ~57% pèsonèl administrasyon piblik la ? Jèn ki gen mwens pase 35 lane reprezante sèlman 13,6% nan fonksyonè yo. Gen nesesite pou mete plis jèn nan Fonksyon Piblik la.

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haiti Gouv Info posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your organization to be the top-listed Non Profit Organization?

Share