ayisyen pozitif

Llamar Página web Contactar con la organización

ayisyen pozitif "Ede konpatriyòt Ayisyen parèy mwen yo konprann reyalite peyi nou, pou nou ka soti nan kriz k ap sakaje nou an. Ann pote yon mesaj pozitif pou chanjman!"

🇭🇹🛑Bandi yo fè gro masak sa sou pep ayisyen an nan Kenskof Kote plizyè dizèn moun mouri.aprè Yo vini yo lage yon dròn to...
13/09/2026

🇭🇹🛑Bandi yo fè gro masak sa sou pep ayisyen an
nan Kenskof Kote plizyè dizèn moun mouri.aprè
Yo vini yo lage yon dròn tout bagay fini la,lavi kontinye epi y ap prepare yon lot atak pou nou.

tout otorite yo te konnen sa davans epi yo kite
masak la fèt san yo pa fè okenn entèvansyon pou
Defann popilasyon an kont gro masak la tandiske
Yo pi byen ekipe ke bandi .

Kesyon pam pou leta sa a.

Pou kisa nou gen tout group ame sa yo nan peyi
a nou di k ap ede nou kont gang ame yo,
Yo kite peyi yo ekzakteman pou vin konbat gang
Yo k ap masakre nou yo.

Ni yo menm , ni polis nasyonal, ni lame dayiti
Yon pa vin defann popilasyon an ni evite sa fèt.

M ap mande kisa group ame sa yo ap fè nan peyi a.pou mwen yo pa gen misyon pou bann sekirite.

Depim ka wè pep ayisyen pa leve pou voye valpa
Sa yo ale . Nou fek kare ap mouri. Ni Didier, ni
Mèsenè yo tout gen nenm misyon paske y ap
Travay pou menm mèt. Si n pa leve nap peri.

21/07/2026

🚨 Minel atake Thoy Art sou kestyon entegrasyon timoun yo nan Vodou🙆‍♂️🥱

Minel monte ton an kont Thoy Art pandan yon entèvansyon resan kote li mandel poul sispann enplike timoun yo nan aktivite ki gen rapò ak Vodou.

Daprè Minel, timoun yo bezwen plis aksè ak edikasyon, syans ak teknoloji olye yo angaje yo nan sa li rele pratik mistik. Li fè konnen, selon opinyon pa li, Vodou pa kontribye nan pwogrè peyi a e li kwè li te jwe yon wòl negatif nan devlopman Ayiti pandan plizyè jenerasyon.

Revolisyonè a estime ke lè yon moun gen enfliyans sou anpil timoun, li ta dwe sèvi ak opòtinite sa a pou ankouraje aprantisaj, inovasyon ak devlopman pèsonèl. Li menm ale pi lwen poul deklare ke ankouraje timoun yo antre nan Vodou kapab prepare yon nouvo jenerasyon pou ranplase Ougan ak lòt aktè ki evolye nan sistèm sa a.

Jiskaprezan, Thoy Art poko fè okenn deklarasyon piblik pou reponn ak pozisyon Minel la.

Shout out to my newest followers! Excited to have you onboard! Wideline Kerizareth, Miche-nive Descollines, Souleymane B...
15/07/2026

Shout out to my newest followers! Excited to have you onboard! Wideline Kerizareth, Miche-nive Descollines, Souleymane Barry, Djimy Victor, Youseline Pierre

12/07/2026
12/07/2026

Dim si se ou kisa w tap fé?

🛑 Lage videyo entim yon moun san konsantman   li se yon krim, se pa yon jwèt!Si yon videyo konsa rive jwenn ou ,Anvan ou...
12/07/2026

🛑 Lage videyo entim yon moun san konsantman li se yon krim, se pa yon jwèt!

Si yon videyo konsa rive jwenn ou ,Anvan ou pataje l, sonje gen yon moun dèyè ekran kap soufri anpil akoz ou menm .

Pa ede gaye doulè yon lòt moun . pi bon aksyon an se efase l.

Respè pou vi prive se yon valè nou tout dwe pwoteje .

📢 PATAJE MESAJ SA A pou ede chanje
mantalite. 🙏


11/07/2026

Dirección

Chillancito

Notificaciones

Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando ayisyen pozitif publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.

Contactar Con La Organización

Enviar un mensaje a ayisyen pozitif:

Atajos

Compartir