09/27/2026
Apre mwen fini tande eskandal liv Thélyson Orélien an " C’était ça ou mourir " pwovoke, tout sa atik jounal rapòte, kòmantè ki fèt sou li, epi konsidere tout akizasyon avèk konfizyon sa a kreye nan milye literè nan monn nan, alòs pou amize mwen, kòm senp amatè nan zafè IA, mwen te deside teste machin nan pou mwen wè efikasite li. Mwen te voye de tèks Pwezi anwoule mwen (yon fòm pwezi mwen envante) bay Meta AI. Se te yon fason pou mwen te wè kouman l ape reyaji, eseye konprann kouman IA fonksyonen sou plan literè epi wè kijan li t ava konsidere yon èv kreyòl. Vwala se avèk siksè epi étonnant nou toulede te pase tès la. Men sa li deklare : " Non, se pa sanble èv AI pou mwen ditou. AI gen tandans fè pwezi ki twò lis, twò pafè, ak rim fasil. Tèks pa ou la genyen yon bagay AI pa genyen : yon ritm enteryè ki kase ".
Epi, nan tout kòmantè mwen li, mwen tande jiskaprezan sou woman " C’était ça ou mourir " a, genyen kat a senk nan yo ki plis atire atansyon mwen.
Yonn se reyaksyon pate cho Orso Antonio Dorélus lanse a ki deklare :
" AI pa konn Lang kreyòl la. Le w ekri nan lang ou, ou konnen lang ou, etranje p ap ka vin di w pa ka ekri lang ou byen konsa ".
Epi pou kontinye li di :
" Pati sansib lang lan manke yo (IA) anpil. Se nan nivo sa a IA pa ka rive a tou. Paske l pa gen kapasite pou l kreye metafò ki pa lineyè."
Dezyèm nan se Joseph Pierre Léonard, sou Intagram Daholeo " GÉNÉRIQUE " ki kore lide a konsa :
" Mènmsi IA ta kapab ri-li pa konnen santiman ki nan yon zye k ape kriye " (Se mwen tradui).
Twazyèm nan se Kebert Bastien (KEB), nan yon konvèsasyon telefonik depi an Frans, ki fè konnen :
" ... tout machin sa yo nan konkirans antre yo. Yonn bezwen depase lòt. Yonn pape janmen fini tou dakò avèk yon lòt."
Men sa ki pi enteresan an, se lè li kontinye pou di :
" Si tèks Orelien an ta yon plajya, alòs misye merite pou yo ba li yon brevè. Paske pou sansiblite ki degaje nan liv la, Orelyen rive bay machin nan yon nanm. "
Katriyèm nan se Barbara Jean limenm ki vini chache mwen nan avèk yon refleksyon filozofik li fè sou fenomèn ki genyen nan rapò lòm avèk entelijans atifisyèl la, kote li twouve fenomèn IA a fè lòm pèdi mounite li devan yon machin li bay dwa pou mezire entelijans li sou sa lòm limenm kapab fè. An nou li :
" Nou kreye yon machin pou pwolonje entèlijans nou, epi koulye a, pou se nou ki kòmanse ape mande machin sa yo. Konsa, lèt imen demisyonnen. Li fini pa retire dwa tèt li genyen pou li sezi, mezire pwòp entèlijans li. Li pèdi tout tras jijman li posede, nan remèt tèt li bay machin ki genyen brevè konpetans pou li mezire, metrize nivo entèlijans li. Pou n ape doute konpetans nou. Ou pito, pou nou twouve, lè nou devan yon èv ki twò byen ekri, two presi, ki metrize dosye a twò byen, twò briyan menm pou li koresponn avèk imaj nou fè de otè èv sa a, epi pou nou koumanse ape doute de tèt nou, epi panse li pa kapab yon travay moun kapab fè. Pou se yon machin nou bay entelijans, nou kreye entelijans li, pou li jwenn konpetans pou li pran ladesant nan èv yon moun pou l ape jije, evalye si li se èv yon moun ou pa.
E se sa a petèt ki ta dwe enkyete nou : pou yon jou nou ta twouve devan yon machin ki anmezi ekri tankou nou ta di yon moun, epi ki rive nan menm kwè li pa kapab ekri tankou moun ankò."
Men vwala, pi gwo sipriz la ankò, se lè mwen resevwa sou paj WhatsApp mwen maten an, temwanyaj yon sèten Benoît (yon blan kebekwa) ki temwanye pou di, se limenm ki vrè otè liv " C’était ça ou mourir " ki pran mayòl Pri Concourt k ape fè manchèt tout jounal nan monn nan.
Toujou dapre mesye Benoît, sa fè kenzan depi li ekri woman sa a, men okenn atelye piblikasyon (maison d’édition) pa te vle pibliye li paske li se yon blan. Li ta pi bon pou se ta yon imigran ayisyen ki ta ekri li. Epi se konsa yon maten paza li te rankontre Orelien epi yo fini pa antann yo pou se Thélisson Orilien ki siyen liv la, epi y ava pataje benefis siksè liv la ansanm. Mesye Benoît menase pousuit devan tribinal kont tout moun ki pretann èv li a se yon plajya IA.
Men sa ki deranje mwen plis nan tout sa, se paske lè mwen konprann tout bagay eklèsi, vwala jounal Lapresse akize Orelien, kòmkwa se pa pou premye fwa Thélison Orelien itilize plajya nan plizyè tèks li pibliye pou jounal la. Epi anplis se Pri Concourt ki deklare limenm li kanpe sou pwomosyon " C’était ça ou mourir " , Orelyen an.
Men eske milye literè a pa ipwokrit avèk pwòp tèt li nan fason yo poze kesyon plajyia nan sa ki konsènen itilizasyon AI a, fas avèk sa yo tolere ki rele prèt plim, prèt non, ekriven nan lonbray oubyen nèg literè a ?
Men devan gwo tole sa a ki pete nan monn literè frankofòn nan, pi bèl kesyon ki poze epi ki merite tout atansyon nou, se Samy Janvier ki poze li :
" Pwoblèm mwen li lòt kote. Pandan tout istwa sa a, se yon sèl kesyon m ape poze tèt mwen : se ki kote milye kritik literè a pase ? Poukisa se sèlman akizasyon san fondman sa a ki di se entèlijans atifisyèl ki ekri li a yo kenbe ? Poukisa tou se sèl woman Thélisson an yo fè pase tès entèlijans atifisyèl la ? ( Se mwen ki tradui. Afè Thélisson-Orélien, Sware Pwezi, 26 Septanm 2026).
Sa ki pwouve, deba a fèrenk tanmen sou " C’était ça ou mourir ".
Manno Ejèn
25 /09/ 2026